PROJECTS > Opinion / Results

Opinion (legendum) (531 U.S. 98 (2000) Bush et. al vs. Gore et. al)
Opinion (legendum) (531 U.S. 98 (2000) Bush et. al vs. Gore et. al)
detail (Kreyól)
2016

Download file here:
Bush v. Gore 531 U.S. 98 (2000) Kreyòl

Sample:

BUSH v. GORE
PER CURIAM
(DESIZYON TRIBINAL LA)

Jou ki te 8 desanm 2000, Lakou Siprèm Florida a te bay lòd ki di Lakou Sikui Leon County a dwe konte alamen 9,000 bilten nan Miami-Dade County. Li te bay lòd tou pou yo ajoute ladan l total vòt ki sètifye yo ki suiv: 215 vòt yo te idantifye nan Palm Beach County, avèk 168 vòt yo te idantifye nan Miami-Dade County ki pou Prezidan Albert Gore Jr. avèk Senatè Joseph Lieberman, ki se kandida demokratik pou Prezidan ak Vis-Prezidan. Lakou Siprèm Deta a te note petisyonè George W. Bush te di Vis-Prezidan Gore te gànye antou 176 vòt, e li te mande Lakou Sikui a rezoud dispit la. Gore v. Harris, 772 So. 2d 1243, 1248, n. 6. Tribinal la te di pou nou rezoud sa a fòk yo ta rekonte bilten yo alamen nan tout zòn Florida yo kote swadizan “sou-vòt” yo pa t konte alamen. Tribinal la te bay lòd pou tout rekontaj alamen sa yo kòmanse tousuit. Gouvènè Bush ak Richard Cheney, kandida Repibliken yo pou Prezidan ak Vis-Prezidan, te soumèt yon demann ijans pou yo rete manda sa a. Jou ki te 9 desanm, nou te aksepte demann nan, nou te trete l kòm yon rekèt pou yon “bref de certiorari”, e nou te akòde “certiorari”. Post, p. 1046.